Kondisyon Itilizasyon

Dènye mizajou: Janvye 2025

1. Akseptasyon Kondisyon Yo

Lè ou itilize platfòm Klikay, ou aksepte kondisyon sa yo. Si ou pa aksepte, tanpri pa itilize sèvis nou an.

2. Sèvis Nou Ofri

Klikay se yon platfòm pou piblikasyon anons imobilye nan Sid Ayiti. Nou konnekte mèt kay, ajan ak lokatè potansyèl. Nou pa responsab pou tranzaksyon ki fèt dirèkteman ant itilizatè yo.

3. Kondisyon pou Poste Anons

  • Ou dwe pwopriyetè oswa ajan otorize pou pwopriyete ou ap poste a.
  • Enfòmasyon yo dwe egzak — prix reyèl, foto reyèl, adrès reyèl.
  • Pa poste menm pwopriyete plizyè fwa (doublòn).
  • Anons fo oswa eskwok ap retire epi kont ou ap bloke.

4. Konduit Itilizatè

Ou pa dwe :

  • Mete fo enfòmasyon oswa trompe lòt itilizatè.
  • Itilize platfòm lan pou aktivite ilegal.
  • Eseye aksede nan kont lòt moun san otorizasyon.
  • Scrape oswa kolekte done san pèmisyon ekri.

5. Responsablite

Klikay pa garanti kalite oswa ekzaktitid anons ki poste pa itilizatè. Nou rekòmande toujou vizite pwopriyete a anvan ou peye anyen. Pa janm voye lajan avans san yon kontra ekri.

6. Modifikasyon

Nou rezève dwa pou modifye kondisyon sa yo nenpòt ki lè. Chanjman enpòtan ap kominike pa email.

7. Kontakte Nou

Pou kesyon sou kondisyon sa yo, ekri nou nan info@klikay.ht.