Kondisyon Itilizasyon
Dènye mizajou: Me 2025 · Platfòm: Klikay (klikay.ht)
Dokiman sa dekri règleman ak kondisyon pou itilize sèvis Klikay yo. Tanpri li l ak atansyon avan ou kreye yon kont oswa poste yon anons.
1. Akseptasyon Kondisyon Yo
Lè ou itilize platfòm Klikay (sit entènèt la ak aplikasyon mobil la), ou aksepte kondisyon prezante yo nan dokiman sa. Si ou pa dakò ak youn nan kondisyon sa yo, tanpri pa itilize sèvis nou an.
Klikay se yon platfòm pou mete anons imobilye — kay pou lwaye, pou vann, ak terin — nan tout peyi Ayiti. Nou pa yon ajans imobilye; nou se yon pòtal ki konekte moun.
2. Sèvis Nou Ofri
Klikay pèmèt itilizatè yo:
• Poste anons pou kay, apatman, terin, ak lòt pwopriyete
• Chèche ak filtre pwopriyete nan tout depatman ak komin Ayiti
• Kontakte pwopriétè dirèkteman via WhatsApp
• Sove pwopriyete nan favori yo
• Jere anons yo nan yon tableau de bò pèsonèl
Sèvis debaz la gratis. Opsyon premium (mete anons anlè, badge verifikasyon) ka disponib pita kont yon ti frè.
3. Kont Itilizatè
Pou poste anons, ou dwe kreye yon kont ak yon adrès imel valid. Ou responsab pou:
• Kenbe modpas ou konfidansyèl
• Tout aktivite ki fèt sou kont ou
• Bay enfòmasyon egzak ak à jou
Klikay rezève dwa pou fèmen tout kont ki vyole kondisyon sa yo oswa ki itilize platfòm nan pou aktivite fwodilè.
4. Règleman pou Anons
Lè ou poste yon anons sou Klikay, ou garanti ke:
• Pwopriyete a reyèl epi egziste
• Enfòmasyon pri ak deskripsyon yo egzak
• Foto yo reyèlman reprezante pwopriyete a
• Ou gen otorizasyon pou vann oswa lwe pwopriyete a
Nou entèdi:
• Anons fo oswa twomp
• Duplike menm pwopriyete plizyè fwa
• Pwopriyete ki pa nan Ayiti
• Tout kontni ilegal oswa kontrè ak lwa Ayisyen
5. Limit Responsabilite
Klikay se yon pòtal entèmedyè sèlman. Nou pa:
• Verifyé pwopriyete avan yo pibliye (yo pase pa yon modération lejè)
• Responsab pou tranzaksyon ki fèt ant itilizatè yo
• Garanti egzaktitid tout anons
• Responsab pou pèt oswa domaj ki soti nan itilizasyon platfòm nan
Nou ankouraje tout moun pou verifye pwopriyete fizikman avan yo siyen nenpòt kontra oswa peye depòt.
6. Modifikasyon Kondisyon Yo
Klikay ka modifye kondisyon sa yo nenpòt ki lè. Yo pral avèti itilizatè via imel oswa yon notifikasyon sou sit la. Itilizasyon kontinye sèvis la apre modifikasyon an vle di ou aksepte nouvo kondisyon yo.
7. Lwa Aplikab
Kondisyon sa yo gouvènen pa lwa Repiblik Ayiti. Nenpòt diferan ki pa ka rezoud amyablman ka ale devan tribinal konpetan nan Repiblik Ayiti.
8. Kontakte Nou
Si ou gen kesyon oswa plent sou kondisyon sa yo, kontakte ekip nou an:
Imel: info@klikay.ht
Telefòn: +509 3600-0000
Adrès: Ayiti
© 2025 Klikay. Tout dwa rezève.
Li Politik Konfidansyalite a →